Fè taks ou yo fèt gratis avèk ekspè nan BMC
Si ou menm oswa pitit ou a se yon pasyan nan Klinik BMC Pedyatrik, Medsin Fanmi, oswa OB/GYN epi revni fanmi ou se $69,000 pa ane oswa mwens, ou kalifye pou BMC ede w ranpli taks ou yo gratis.
Jwenn èd gratis sou taks ak benefis tankou kredi taks pou timoun pou soulaje strès finansye ka ede diminye strès finansye pou fanmi ou, sa ki ka ede tout moun rete an sante.
Ou ka pran yon randevou pou yon sesyon gratis, an pèsòn, lè w klike anba a. Epi si ou pa kapab itilize sèvis preparasyon taks gratis BMC a, gen lòt resous ki disponib nan zòn Gran Boston an, ke ou ka jwenn anba a.
Ou kapab tou depoze deklarasyon w lan bay patnè nou yo atravè pòtal sou entènèt Get Your Refund la oubyen nan Boston Tax Help Coalition. IRS la pèmèt kontribyab yo depoze apre dat limit la san penalite si kontribyab la dwe yon ranbousman.