Ikòn MyChart la

MyChart

MyChart, ki se pòtal pasyan BMC a, se pi bon fason pou w resevwa swen nan telefòn oswa sou òdinatè w, tankou fè konsiltasyon vityèl ak voye mesaj bay pwofesyonèl swen ou. Epitou, li ba ou aksè 24/24 7/7 pou jwenn tout enfòmasyon sou sante ou.

Avèk MyChart ou kapab:

Ikòn pou fè konsiltasyon vityèl la

Fè yon
konsiltasyon vityèl

Wè pwofesyonèl swen ou san ou pa vini nan klinik lan.

Ikòn pou kominike ak pwofesyonèl swen w lan

Kominike avèk
pwofesyonèl swen ou

Jwenn repons pou kesyon medikal ou yo byen alèz lakay ou.

Ikòn pou mande renouvle preskripsyon an

Mande
renouvle preskripsyon

Mande ranpli medikaman yo.

Epitou, ou kapab jere swen sante ou avèk MyChart, tankou:

  • Peye bòdwo ou
  • Pataje dokiman yo ak imaj yo an tout sekirite avèk pwofesyonèl swen ou yo
  • Gade rezilta tès yo
  • Pran yon randevou epi wè randevou ou genyen k ap vini yo
  • Egzamine rezime eta sante ou, tankou medikaman ou yo

Kòman pou mwen itilize MyChart?

Pou w enskri nan MyChart, klike la a. Yo pral mande w ranpli enfòmasyon sou tèt ou, tankou adrès ou, dat nesans ou, ak adrès imel ou. Tanpri sonje yo pral mande w yon pati nan nimewo Sekirite Sosyal ou. Sa nesesè pou verifye idantite w anvan nou ka pataje dosye medikal yo. Oswa, doktè ou ap ba w yon kòd aktivasyon pou w enskri.

Yon fwa yo fin verifye kont ou, w ap resevwa yon imel ki gen enfòmasyon ou bezwen pou w konfigire kont ou an. Li ka pran jiska de a twa jou anvan ou resevwa enfòmasyon sa yo.

Epitou, ou kapab rele nan 844-635-1390 oswa rele kabinè doktè w la pou yo ede w konfigire yon kont MyChart.

Yon fwa ou fin konfigre kont ou, w ap ka itilize MyChart:

Kesyon moun konn poze souvan sou MyChart

Mwen te pèdi enfòmasyon pou m konekte a. Kisa mwen ta dwe fè?

Ale nan paj dakèy sit entènèt oswa aplikasyon MyChart la epi klike sou "Bliye modpas?" oswa "Bliye non itilizatè?" pou w jwenn enfòmasyon sou modpas ou. Ou pral bezwen konnen non itilizatè ou pou yo ka ba w yon nouvo modpas. Ou ka rele nou tou nan 844-635-1390.

Èske gen diferans ant sit entènèt MyChart la ak aplikasyon an?

Ni sit entènèt la ni aplikasyon an, yo toude pèmèt ou fè menm aktivite yo, tankou kominike avèk doktè ou epi tcheke rezilta tès yo. Men, ou ka jwenn youn oswa lòt la pi fasil pou itilize tou depan de ki aparèy w ap itilize ak pwòp preferans pa ou.

Poukisa mwen wè rezilta tès yo ak nòt doktè yo nan MyChart?

Akoz yon règ federal, BMC ap pibliye nòt yo ak rezilta yo san pèdi tan nan MyChart. Sa vle di oumenm, ak nenpòt moun ou te bay aksè pou konekte nan MyChart, pral wè rezilta tès yo san pèdi tan, yon rezime de sa ou te di doktè a oswa enfimyè a, rezilta egzamen yo, evalyasyon doktè ou a oswa dyagnostik nenpòt kondisyon medikal, ak plan tretman ou ak pwochen etap yo. Nou swete enfòmasyon sa yo ap ede w pran swen sante w nan pi fason ou kapab. Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade nan ribrik kesyon moun konn poze souvan (FAQ) nou an sou pataj enfòmasyon..

Mwen gen aksè pou m konekte nan MyChart yon lòt pasyan ki pa pwòp kont mwen. Poukisa mwen wè enfòmasyon limite?

Yo rele aksè pou konekte nan kont lòt pasyan yo nan MyChart ki pa pwòp kont ou aksè pa pwokirasyon. Tou depan de relasyon ou genyen ak pasyan an ou gen aksè pou konekte nan kont li an, ou ka wè gen diferans nan fonksyonalite yo oswa enfòmasyon ki disponib. Klike la a pou w wè diferans ki genyen ant sa ou ka wè nan pwòp kont MyChart ou ak sa ou wè lè w gen aksè pa pwokirasyon.

Pou w mande aksè pou konekte nan yon kont pasyan ki pa pwòp kont ou, tanpri kontakte doktè prensipal pasyan an nan BMC.