Maladi Alzaymè a ak lòt maladi ki afekte panse ak memwa yo diferan pou chak moun. Pwogram miltidisiplinè nou an espesyalize nan evalyasyon, dyagnostik, ak tretman endividyalize twoub sa yo, ak lòt kondisyon sante e kondisyon medikal ki ka afekte fonksyon konyitiv lakay granmoun aje. Yo bay yon swivi ak swen regilye ki baze sou bezwen endividyèl chak pasyan.
Lokal ak kowòdone yo
Neurology Department
Lendi - Vandredi 8:30 a.m. jiska 5 p.m.
Eksplore depatman an
Depatman ak klinik ki konsène yo
Newoloji
Jeryatri
Klinik Twoub Memwa
Klinik pou twoub dòmi
Sant maladi Pakinson ak Maladi Mouvman
Entèna nan newoloji
Youn nan objektif klinik nou se fòme pwochen jenerasyon klinisyen ak chèchè klinisyen. Founisè nou yo patisipe nan edikasyon ak fòmasyon bousye/è, doktè ki nan entèna, elèv, ak lòt estajyè ki ta renmen genyen eksperyans nan domèn maladi Alzaymè a ak twoub ki gen rapò. Estajyè yo envite pou patisipe nan konferans klinik, ki gen ladan Konferans Ka Newokonpòtmantal ak Jeryatri, BU ADRC konferans konsansis sou dyagnostik, ak Konferans Ka Klinik nan Newoloji konpòtmantal.
Rechèch sou Demans
Pwogram sou Maladi Alzaymè a ak Twoub ki gen rapò ak maladi a gen yon pwogram rechèch solid ak fakilte ki mennen rechèch inovatè sou deteksyon, dyagnostik, ak tretman maladi Alzaymè a ak demans ki gen rapò, sa enkli CTE. Li abrite plizyè Sant pwogram ki finanse pa NIH, ki gen ladan Sant Rechèch Maladi Alzheimer BU (BU ADRC), Sant CTE BU a, ak Pwogram Etid Framingham sou Kè ak Vyeyisman Sèvo. Yon klinik espesyalize pou memwa ak vyeyisman entegre nan pwogram nan epi li fèt pou moun ki enterese patisipe nan rechèch sou dyagnostik, deteksyon, faktè risk, ak tretman pou demans, ki gen ladan CTE.