Klinik lipid la ede anpeche aparisyon oswa agravsyon maladi kadyovaskilè nan evalye ak jere yon to kolestewòl ak nivo lipid nan san an ki wo. Pèsonèl miltidisiplinè an gen ladan doktè, enfimyè ak nitrisyonis ki soti nan Seksyon kadyoloji, Andokrinoloji ak Nitrisyon nan Boston Medical Center. Manm pèsonèl nou yo travay kole kole ak doktè prensipal chak pasyan yo. Pasyan yo resevwa yon pwogram endividyalize nan terapi medikal, konsèy nitrisyonèl, egzèsis ak edikasyon.