**N ap ofri tout Atelye sou Klas pou Akouchman timoun k ap vini yo vityèlman pou yo ka minimize ekspozisyon potansyèl ak KOVID-19. Pa gen klas an pèsòn oswa vizit matènite nan moman sa a.**

Vizit Vityèl

 Lendi, madi, mèkredi, vandredi  

12:00 PM / 1:00 PM / 2:00 PM / 3:00 PM

Vizit nan Sal akouchman BMC ki fèk renove, ak chanm endividyèl pou manman-tibebe ak yon pouponyè pou tibebe ki fenk fèt, disponib sou randevou sèlman.. Vizit yo dire apeprè inèdtan. Tanpri imèl nou pou rezève vizit vityèl ou a nan Childbirthed@bmc.org 

 

Pou pran randevou pou oganize yon vizit akouchman vityèl nan suit lan tanpri voye yon Imèl nan Childbirthed@bmc.org.

Enpòtans Edikasyon sou Akouchman

Kisa k ap Pase nan Klas Akouchman?

Klas sou akouchman ede w konnen kisa pou atann pandan pwosesis akouchman an. Ou ka pale ak lòt fanm ansent, aprann sou kijan kò w fonksyone ak kijan tibebe ou a ap grandi. Ou pral aprann sou nesans, bay tete (alètman), ak sa yo atann nan 1st  kèk jou apre peryòd akouchman an. Edikasyon sou akouchman kapab yon kote ki an sekirite pou poze kesyon oswa pale sou enkyetid ou ki gen rapò ak akouchman.

Kesyon Vityèl ak seyans Repons atravè Zoom pa demann:

Si w pa gen tan pou w enskri nan yon atelye akouchman, fè aranjman pou yon seyans inèdtan ak edikatè akouchman nou an lè w voye yon imèl nan Childbirthed@bmc.org

Seyans Vityèl kesyon-repons disponib:

Lendi, madi, vandredi:

(Yon plas yon èdtan disponib)

12:00 PM / 1:00 PM /  2:00 PM /  3:00 PM

TOUT ATELYE YO KONPLIMANTÈ POU PASYAN BMC AK ANPLWAYE!

Seri Vityèl-6 akouchman lasemèn, mèkredi swa, 5:30 p.m.-7:30 p.m., : Fanmi yo aprann sou akouchman, bay tete, ak swen tibebe ki fenk fèt. 

Vityèl-Samdi 1 Atelye travay preparasyon pou jounen an:

Vityèl- Yon atelye preparasyon pou akouchman yon sèl jou a kouvri akouchman, jesyon doulè ki gen ladan metòd ki pa famakolojik, teknik pou respirasyon ak relaksasyon (detant), bay tete, swen tibebe ki fèk fèt ak klas apre akouchman tanpri voye yon imèl ba Childbirth Education (Edikasyon sou Akouchman) pou plis enfòmasyon..

12 p.m. - 6:30 p.m.; Rive chak mwa tanpri  voye yon imèl nan ChildbirthEd@bmc.org pou plis enfòmasyon.

Rele Anitra Anderson, Edikatè sou Akouchman, nan 617.414.3875 oswa imèl Childbirthed@bmc.org. Tanpri itilize lyen sa a pou jwenn yon kalandriye ki gen klas disponib.

Kote

Tanpri sonje: Tout atelye epi Vizit yo vityèl sèlman pou sekirite ak pwoteksyon fanmi yo.

Enskripsyon ak Kesyon

Si ou gen kesyon sou nenpòt nan klas nou yo oswa si ou ta renmen enskri, tanpri rele liy pou edikasyon akouchman an: 617.414.3875 oswa voye yon imèl nan Childbirthed@bmc.org. Tanpri espere jiska 48 pou yon repons.

Klas Edikasyon sou Akouchman

Prepare pou akouchman

 

2025 avril

Dimanch Lendi Madi Mèkredi Jedi Vandredi Samdi
30
31
1
2
3
4
5
 
 
6
7
8
9
10
11
12
13
14
15
16
17
18
19
20
21
22
23
24
25
26
27
28
29
30
1
2
3