Biwo nou an te deplase nan 5yèm etaj nan Bilding Crosstown ki sitiye nan 801 Massachusetts Avenue. Nou pa nan bilding Shapiro a ankò.

Yo te kreye pwogram tretman pou adiksyon ki fèt nan biwo (OBAT) Boston Medical Center a an 2003 epi kounye a li sèvi plis pase 800 pasyan, sa ki fè li se pi gran pwogram tretman adiksyon ki baze nan lopital nan New England. Ekip OBAT la trete pasyan ki gen medikaman apwouve pou twoub ki lye ak itilizasyon sibstans ki gen ladan buprenorphine, buprenorphine ki enjektab, naltrexone ki enjektab, ak naltrexone oral. Pasyan yo resevwa tretman espesyalize pou twoub yo ki lye ak konsomasyon sibstans yo, entegre nan yon anviwònman swen prensipal, sa ki pèmèt tout bezwen medikal yo dwe pran an chaj pa yon ekip founisè. Pwogram OBAT yo te rekoni nasyonalman e yo te repwodui nan plizyè anviwònman pou pasyan ekstèn, tankou swen prensipal, medsin familyal, sante konpòtman, ak pratik Obstetrik ak Jinekoloji, elatriye.

Klike la a pou jwenn resous ak sipò vityèl pandan pandemi COVID-19

Derrek Anderson ap pale sou ki jan pwogram nan te ede l mete fen nan 30 ane konsomasyon ewoyin.

 

Kontakte Nou

Crosstown Center

Tretman yo ak sèvis yo

Pwogram BMC OBAT bay pasyan yo sèvis sa yo:
  • Sant Medsin Familyal 
  • Pwogram Tretman Sikyatri pou Adiksyon 
  • Sant pou Tretman Adiksyon pou Adolesan/Jèn adilt ki ap konsome sibstans (CATALYST) 
  • Tretman pou tout twoub ki lye ak konsomasyon sibstans, tankou twoub ki lye ak konsomasyon opioyid, alkòl, benzodyazepin, ak estimilan.
  • Ekspè nan adiksyon ki resevwa fòmasyon ki gen ladan enfimyè, doktè, enfimyè praktisyèn, travayè sosyal, psikyat, kowòdonatè swen pasyan, asistan medikal, ak antrenè rekiperasyon
  • Medikaman pou twoub ki lye ak konsomasyon opioid (MOUD): buprenorphine (Suboxone), buprenorphine enjektab (Sublocade), ak naltrexone (Vivitrol, Revia)
  • Aksè nan medikaman nan menm jou a
  • Aksè telefòn dirèk nan ekip k ap pran swen an
  • Swen yo bay ak konpasyon e san jijman
  • Sèvis ak resous pou rediksyon domaj
  • Sèvis espesyalize pou moun ki enplike nan jistis, adolesan, fanm ansent ak fanm apre akouchman, ak moun ki gen lezyon nan sèvo.
  • Èd pou jwenn aksè nan sipò sosyal ak lòt avantaj (pa egzanp, manje, idantite, travay, asirans)
  • Sèvis sante konpòtmantal ak sikyatrik
  • Aksè nan mwayen kontrasepsyon a kout ak alontèm
  • Opsyon depistaj ak tretman pou VIH, epatit A, B, ak C, ak enfeksyon seksyèlman transmisib (STI)    
  • Edikasyon sou sidozaj ak aksè nan naloxone (Narcan)

Ekip Nou an

Ekip Lidèchip

Colleen Labelle, MSN, RN-BC, CARN
Direktè Pwogram

Emily Hurstak, MD, MPH, MAS
Direktè medikal

Lexie Bergeron, MPH, LCSW
Direktè Operasyon yo

Resous pou pwofesyonèl swen yo

Apèsi sou rechèch

Retansyon tretman pou adiksyon ak mòtalite lakay moun ki sanzabri - Fine DR, Lewis E, Weinstock K, Wright J, Gaeta JM, Baggett TP. [Koreksyon ki pibliye nan JAMA Netw Open. 2021 Out 2;4(8):e2128112]. JAMA Netw Open. 2021; 4(3): e210477. Pibliye 2021 Mar 1. doi:10.1001/jamanetworkopen.2021.0477

Diminye epi retounen nan tretman buprenorphine nan yon pwogram swen prensipal Biwo Tretman pou Adiksyon (OBAT). - Weinstein ZM, Gryczynski G, Cheng DM, et al. Drog Alcohol Depend. 2018;189:166-171. doi:10.1016/j.drogalcdep.2018.05.010

Konpetans enfimyè nan kesyon adiksyon: Yon zouti konplè pou enfimyè espesyalize nan adiksyon - Wason K, Potter A, Alves J, et al. . J Nurs Adm. 2021;51(9):424-429. doi:10.1097/NNA.0000000000001041

Enfòmasyon sou Entèna ak Bous Rechèch

Bous Medsin adiksyon

Misyon Grayken Fellowship in Addiction Medicine se fòme medsen lidè nan kesyon swen klinik, rechèch, edikasyon, sante piblik, ak defans pou amelyore swen pou toksikomani pou moun ki vilnerab a inegalite sante akòz ras, etnisite, sèks, povrete, laj, andikap oswa maladi ki ap estigmatize.

Pwogram Bous detid Grayken Medsin adiksyon an se yon bous pou 1 oswa 2 lane. Genyen tou yon 3-ane konbine pou maladi enfeksyon ak medsin adiksyon ak yon bous 2-ane npou abi sibstans ki gen rapò ak sante matènèl. Bousye/è yo sipèvize pa pa fakilte miltidisiplinè nou an nan Medsin Entèn, Maladi Enfektye, Medsin dIjans, Obstetrik ak jinekoloji ak Sikyatri depandans. Bous detid Grayken nan Medsin adiksyon akredite pa ACGME a. Klike la a pou aprann plis