Si yon moun tande di, yon enplan kokleyè ka ede l. Yon enplan kokleyè diferan de yon aparèy oditif. Yon aparèy oditif emèt yon son ki pi fò epi ede yon moun ki tande di;  yon enplan kokleyè ka ede yon moun ki pa tande byen oswa ki pa tande ditou (soud pasyèl oswa konplè) pou kapab tande.

Yon enplan kokleyè se yon ti aparèy elektwonik ki estimile nè ki pèmèt yon moun tande , yo rele l nè kokleyè. Enplan an gen de pati. Yon pati chita dèyè zòrèy la epi kapte son. Li transmèt son sa nan dezyèm pati a nan enplan an, ki sitiye nan zòrèy entèn nan. Yon fil mens ant yo de a voye siyal nan nè oditif la, ki di sèvo a li tande.

Pwogram Enplantasyon Boston Medical Center a angaje li pou bay bon jan kalite swen oditif, ki santre sou ekip ak pasyan yo pou granmoun ak timoun ki pa tande byen. Ekip la konpoze de founisè ki espesyalize nan odyoloji, newotoloji, ak terapi lapawòl.  MD Peter Weber, dirije ekip enplan kokleyè a. Doktè Weber te fè plis pase 2000 operasyon enplantasyon nan plis pase 20 ane epi tou li pase tan ap vwayaje nan mond lan pou anseye lòt moun ki jan pou fè operasyon enplan kokleyè.

Ekip la travay kole kole ak pasyan yo ak fanmi yo pou gide yo nan nan pi bon tretman ki baze sou objektif endividyèl yo. Nan ka siksè, timoun ak granmoun aprann tande tikras pa tikras ase byen pou yo itilize telefòn, e pifò timoun tande ase byen pou yo aprann langaj pale epi ale lekòl.

Pou plis enfòmasyon konsènan BMC ak Pwogram Enplan kokleyè a, tanpri rele 617.638.8124.

Yo ofri enplantasyon kokleyè kounye a nan BMC!

Kontakte Nou

Klinik Espesyalize yo

Tretman yo ak sèvis yo

Ekip Nou an

Resous Pasyan yo